Gang sangwen etènn souf yon lòt polisye nan Gérald Bataille

931

11-12-2023

Pòtopwens, Ayiti_____(TRiboLAND) Daprè responsab sendikalis polis la, Lionel Lazarre  anonse fiziyad polisye Charles Donald jodi dimanch 12 novanm 2023 a, nan Gérald Bataille.

Viktim nan ki te soti nan 25èm pwomosyon PNH la, te travay nan nivo Kò Bwigad Entèvansyon Motorize (CBIM).

Pandan fanmiy Charles nan gwo mare ren, e pa konnen sou ki pye pou yo kanpe, jiska pwezan genyen anpil nyaj ki antoure sikonstans lanmò polisye a, dapwè Lionel Lazarre.

Comments are closed.