Polisyè Guerline Joseph ki te kidnape jwen liberasyon li an echanj yon magogo lajan

365

04/10/2021

Pòtopwens_____(TRiboLAND) Polisyè Guerline Joseph ki te afekte nan inite sekirite rapwoche prezidan defakto e ke bandi sangwen non-idantifye te kidnape mèkredi 7 avwil 2021 an nan moman li te nan wout pou al travay,  jwen liberasyon li jodi samdi 10 avwil 2021 an.

Yon sous polisyè ke TRiboLAND ka fè konfyans, fè eta de yon magogo lajan ameriken ki ta arive bay kòm ranson an echanj ak yon parèy liberasyon.

Gwo chòk emosyonèl pou yon parèy polisyè; konsa, oken moun pat kapab panse ke bandi te kapab arive oze kidnape yon polisyè ki nan sekirite rapwoche pwezidan defakto an, a mwens ke se yon lòt epizòd teyàt ki raple nou “fake kidnapping madanm Dimitri Hérard”, yon fason pou montre ke yo viktim tou.

Yon lòt bò kèk lòt zenyè konklu, ke se petèt rat kay kat manje kay pay si nou ta vle repete PM Jouthe.

Comments are closed.