Kòniyon : otorite polisyè yo arive delibere 7 otaj ke bandi sangwen te kidnape

560

07/02/2021

Dekayèt, Kòniyon______(TRiboLAND) Nan yon entèvansyon ke li fè jodi vandredi 2 jwiyè 2021 an sou yon radyo nan kapital la, majistra Kòniyon an, Jean Balaguer konfime yon operasyon lapolis yè swa jedi pwemye jwiyè a ki arive libere 7 otaj nan lokalite Dekayèt zòn Mawouj.

Operasyon sa ki fèt nan tèt kole ak ajan meri yo, arive delibere 7 malere swadizan komèsan ki te abò yon machin ke bandi te kidnape depi kèk jou nan Kòniyon. Responsab yo te jwen bonjan sipò plisyè antite nan popilasyon ki arive kole pyese e fè sakrifis ki te fasilite ke yo te ale deniche bandi yo apwè pwèske 2èd tan mach. Dapwè Balaguer, anpil echanj kout zam te marye nan Dekayèt alòske bandi yo te oblije kraze rak e pran mòn pou yo.

Selon otorite lokal yo, tout otaj yo arive libere sen e sof; yo pwomèt pou kontinye pouswiv bandi yo jous sa kaba. Minisipal Kòniyon an pa pou kont li nan yon parèy demach; li jwen anpil anpil sipò popilè ki pa antann tolere oken aktivite gang ap boujonnen nan rejyon an. Tout fwa, yo estime ke genyen gwo volonte ak detèminasyon bò kote otorite polisyè yo ki pa genyen oken mwayen nan men yo, dapwè Jean Balaguer.

Nap raple, lapolis genyen yon bout machin kap galbende nan Kòniyon, e li senpleman egziste sou non sèlman.

Comments are closed.