Pòdpè: Orite yo mete anba kòd 5 nèg ki ta sanble fè tèt yo pase kòm militè FADH

310

11\06\2020

Chansòlm___(TRiboLAND) Pierre Joseph ki idantifye tèt li kòm sèjan Fòs Ame Dayiti nan group “konbatan kòmandan Belizaire Odlins” lan nan Plato Santral,  konfime li se yon kòmandan pandan li tap repon kesyon laprès aprè ke li te finn jwen arestasyon l jedi 5 novanm 2020 an nan vil Pòdpè.

Sèjan Pierre deklare ke se yon menm ki te fè tout batay pou prezidan Jovenel Moise e subi tout kalite echèk pou li. Konsa, “Chèf mwen te bay chak sèjan yo otorizasyon pou enskri dis moun ke ou rekonèt ki te dwàt,” daprè sèjan Pierre ki tap depoze nan men laprès.

Sèjan FADH la kontinye pou li di ke li te chwazi enskri 30 nèg nan vil Pòdpe ki te dwat. Konsa, li te sujere chèf ki plase sou tèt li a fòk li jwen yon kote pou jere group militè sa yo; konsa, yo te deside ouvri yon baz yon fason pou li kapab gen kontròl mesye yo, toujou daprè esplikasyon sèjan Pierre ki nan men Lapolis nan ouvri pòs militè san otorizasyon otorite yo nan Nòdwès.

Daprè komisè gouvènman an, Me Jean Volny Bellami ki tap delivre yon pwen près, li fè eta arestasyon yon ekip 5 nèg ki itilize yon kay kòm baz militè, yo ap fè enskripsyon e yo make FADH ladan li nan zòn Ròch Kontre, sou komin Chansòlm.

Mesye say o ki ta sanble ouvri swadizan yon baz militè pote non: Pierre Joseph kap menen enskripsyon e ki fè tèt li pase pou sèjan, Augustin Carlos, Dimercie Lens, Ladonis Franson, Augustave John Deker. Avèk fòs espesyalize yo, konmisè gouvènman konfime yon desant dèlyè nan zòn Ròch Kontre kote ke yo te prosede ak arestasyon tout mesye say o e kraze plat atè ti kay la ke mesye yo konsidere kòm baz militè.

Nap raple, sèjan Pierre genyen egalman akizasyon frè enskripsyon 135 dola ki pandaye sou tèt li tou.

Comments are closed.