Anplòye Ed’H bat tenèb dèyè nouvo direktè jeneral la

458

Pòtoprens____(TRiboLAND) Gwo mouvman protestasyon enplòye e manm sendika deklentche jodi mèkredi 8 jwiyè a, anndan Électricité d’Haiti (Ed’H) kont nominasyon nouvo direktè jeneral la, Michel Présumé kòm ranplasan Hervé Pierre-Louis nan yon parèy pòs.

Michel Présumé

Rezistans sa manifeste anndan enstitisyon an lòske anploye reyalize se yon ansyen divis ke yo idantifye kòm raketè ki te likide plizyè antrepriz piblik tankou Téleco a yon konpayi peyi Vietnam ki jounen jodi tounen yon pongongon ki rele Natcom.

Konsa, protestasyon sa paralyze tout aktivite enstitisyon Ed’H la jodi a. Anplòye ak manm sendika protestatè yo mande prezidan Jovenel Moise pou li konsidere yon lòt direktè ki pap pran plezi nan privatize, revoke anplòye pou satisfè tèt li ak zanmi. Sepandan, protestatè yo ap mande ki sa ki anpeche yon pakèt kad ou profesyonèl konpetan ki deja ap travay depi konbyen ane nan Ed’H kalifye pou yon parèy pòs?

Comments are closed.