Krim sou krim chak minut anndan peyi Dayiti: bandi sangwen krible san onè yon malerèz fanm ki te soti labank

359

Petyonvil______(TRiboLAND) Rezo sosyàl yo pa sispan atire moun ak yon foto yon jèn fi kap benyen nan yon rigòl san ke bandi sangwen ki pa idantifyàb krible anba bal jodi madi 2 mas 2021 an sou Route de Frères, Petyonvil.

Madanm sa ki te soti labank te arive fè fas ak bandi ki toujou nan konivans ak yon antite anndan bank yo ki ta sanble toujou alète bandi yo sou yon seri tranzaksyon ak pakou yon seri kliyan, sitou lè yo fè tiraj gro magogo lajan.

Plizyè sèktè reyèlman santi yo nan yon verib lanfè alòske zak kidnapping pou yon seri moun, se mak fabrik ou antrepriz pouvwa PHTK ki deklare lagè kont yon popilasyon kap boukannen dlo e kap naje nan labou santi chak jou BonDye mete. Pou yon seri kritik, se machin leta, polisye an inifòm kagoule ki toujou dèyè zak kidnapping yo; ajoute a sa, senatè PHTK ki nan ti miyèt sena a genyen akizasyon kidnapping sou tèt yo. Sa konte yon pakèt lòt tras ki enplike pitit pouvwa a nan anlèvman pou antre gro magogo lajan ameriken.

Paralèlman, plizyè lòt ka kidnapping anrejistre egalman nan kapital la jodi a; pami yo ou jwen Enjenyè Alix Clément ki se mari minis sante a, Dr. Marie Greta Roy Clément. Sepandan, pou moun ki konpran jwèt pouvwa a, yo pa vle kwè nan ka kidnapping ki fèt sou moun ki pwòch pouvwa a ki ta sanble se pou montre ke pouvwa a viktim tou. Yo pa sispan refere ak fo ka kidnapping madanm Alatèt USGPN la, Dimitri Hérard.

Pou anpil moun, pouvwa PHTK a, fò anpil nan dramatize “Fake Kidnapping,” yon fason pou li montre ke se pa li menm, men se Leyon!

Comments are closed.