CIMO: 102 nouvo ajan lòd piblik, pami yo 12 fanm

0 402

Pòtopwens___(TRiboLAND) Plis pase yon santènn nouvo ajan lòd piblik pran angajman yo ofisyèlman nan PNH nan yon seremoni gradyasyon ki te dewoule nan akademi polis la dapwè yon twit PNH yè mèkredi a 8 Janvye 2020.

Entegrasyon nouvo ajan sa yo (90 gason e 12 fanm) nan Corps d’Intervention et de Maintien d’Ordre (CIMO) ki sèmante pou sèvi ak pwoteje, antre nan kad rapouswiv plan devlopman estratejik PNH la pou arive ranfòse efektif lapolis ak respekte yon seri standa polisyè sou plan entènasyonal. Yon plan ki vize pou Ayiti atenn 18,000 polisye disi 2021.

Nan yon seremoni ki te fasilite pwezans yon seri gwo potanta nan leta a tankou: Minis Jistis la ak Sekirite Piblik la, Jean Roudy Aly; Sekretè Deta a ak Sekirite Piblik la, Ronsard Saint-Cyr; san bliye pwezans kò diplomatik la, Anbasadè Ameriken an, Michèle Sison ak divès gran toryan, direktè PNH la, Normil Rameau te pran lapawòl pou fè elòj ajan polisye kap travay atravè tout peyi a pandan li raple yo “obligasyon pèsonèl anti-emet la se respekte dwa moun”.

Konsa, objektif Ayiti se rive genyen 18,000 polisye nan mwa Desanm 2020, swa 1,51 ajan lòd pou 1 000 moun.

Leave A Reply