11 prizonye jwen liberasyon yo nan prizon sivil Tigwav la.

836

08-22-2023

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) 11, se kantite prizonye ki jwen liberasyon yo nan prizon sivil Tigwav la jounen madi 22 dawou 2023 a, nan kad yon koreksyonèl espesyal komisè gouvènman pakè jiridiksyon Tigwav la Pierre Elioth Paul reyalize sou leadership minis jistis ak sekirite piblik la, madam Emeline Prophète.

Chèf pakè a presize,11 prizonye sa yo ki jwen liberasyon yo a, se prizonye ki pa komèt gwo enfraksyon. Genyen ladan yo ki nan prizon pou yon tipoul, pou yon sak farin yo vòlè, pou yon kès kola yo pran, pou yon rejim bannan yo vòlè elatriye…

Toutfwa, Mèt PIERRE Elioth Paul bay garanti lap travay san pran souf disi mwa Desanm kap vini la a, pou l mete fen nan fènomèn detansyon prevantiv pwolonje a nan prizon sivil jiridiksyon Tigwav la.

Nap raple, nan semèn ki sot pase a, nan okazyon fèt manman notre Dame nan, pou pipiti genyen 2 prizonye ki mouri nan prizon sivil Tigwav la akoz move tretman tout kalite, selon komisè Pierre Elioth Paul.

Comments are closed.