Ladousè, 1e Seksyon kominal Sen Lwi Dinò,yon kay boule rapyetè

218

02/24/21

Ladousè, Sen Lwi Dinò_____(TriboLAND) Yon kay boule rapyetè maten mèkredi 24 fevriye 2021 an, nan Ladousè, toupre Lavil Okan, yon lye mistik ki pa manje anyen ki fwèt, e ki egalman revele yon pakèt sekrè sou desten peyi Dayiti, yon 1è seksyon kominal Sen Lwi Dinò, depatman Nòdwès.

Pwopriyetè kay la, msye James Charles, ki te fè ti bat bouch ak TRiboLAND e ki t’ap drese bilan dega ensandi sa a koze e ki lage aktwèlman fanmi li 2 bwa balanse, deklare pa gen oken moun ki konnen orijin dife a.

Frè Charles ki t’ap teke lawo nan yon jèn depriyè pandan dife a, mande sekou bon pwochen sitou frè e sè ankrisan yo pwiske se nan louwé li te ye lè yo aprann li dram nan.

N ap siyale depatman nòdwès la ak tout lòt komin li yo gen gwo difikilte sitou lè ensandi sa yo eklate; absans ponpye e latriye, se sa popilasyon an ap viv okotidyen.

Saint Jean Wiskis

Comments are closed.