Krim ap miltipliye ak gwoup gang yo nan Sen Lwi Dinò

227


10\13\20

Sen Lwi Dinò____(TRiboLAND) Jodi madi 13 oktòb la, yon lòt fwa ankò bandi yo fè pale de yo nan Sen Lwi Dinò. Yon jenn gason ki rele Frantz, yon manm nan gwoup gang Levelt la jwenn lanmò li tèt koupe.

Daprè e fòmasyon yo, tou 2 gwoup gang yo te kase randevou pou twoke kòn yo. Kontrèman ak sa moun t’ap atann, gwoup gang ki gen alatèt li, Tirrach pat prezante.

Konsa, se te yon estrateji pou gaye gang Levelt la. Ki donk, gro katchouboum eklate lakoz yon krèy moun pran bal epi yo koupe tèt solda sa ki rele Frantz. Yon parèy sitiyasyon mete rejyon Lavomi ou anro Rivyè Ba nan gro laperèz ak mete kouri.

Comments are closed.