Li touye plizyè , bouyi e manje kè youn nan viktim yo ak patat

221

02/24/21

Oklahoma, Etazini______(TRiboLAND) Lapolis nan Oklahoma, nan peyi Etazini ap mennen yon ankèt sou yon dosye ki reyèlman sal e ki fè lawont. Lawrence Anderson, ki genyen 42 lane temwanye ke li te ponyade e touye yon vwazen li ki te genyen 41 lane madi ki te 9 fevriye dènye, nan lokalite Chickasha.

Malgre Anderson tef inn touye vwazen an, sa ki pi rèd, li te arive rache kè viktim nan e ale lakay li avèk li. Li kwit li avèk patat e li manje li avèk fanmiy li, selon li menm sa ap ede’l libere anba yon seri demon”, daprè sa rapò Biwo Envestigasyon Oklahoma a deklare nan «The Oklahoman».

Lawrence te apèn soti nan prizon nan mwa janvye 2021 an, li t’ap viv lakay yon tonton ak yon matant li, kote li te prepare kè viktim nan. Li te touye tonton an ki te genyen 67 lane e answit yon ti inosan fiyèt pitit pitit tonton an, ki te genyen 4 lane. Lawrence te egalman ponyade matant li ki te arive chape anba yon parèy atak. Li te jwen arestasyon li nan menm jou li te komèt zak yo e otorite yo te arive jwen kadav premye viktim nan 2 jou aprè krim nan, aprè ke Lawrence te fin konfese.

Lawrence ki genyen yon latriye dosye nan lajistis te sitou enplike nan bat fanm ak trafik dwòg patikilyèman. Twa zak asasinay sa soulve anpil endinyasyon popilè nan rejyon an; sitou prezume kriminèl la ki te kondane pou pase 20 lane dèyè bawo an 2017, te arive libere aprè 3 lane sèlman.

Comments are closed.