34è anivèsè Lise Jean-Marie Lamenais: yon enstitisyon edikatif ki bezwen atansyon otorite yo

10/12/2026
Sen Lwi Dinò, Ayiti ______(TRiboLAND) 12 oktòb 1992-12 oktòb 2026 make 34è anivèsè Lise Jean-Marie Lamenais nan komin Sen Lwi Dinò. Depi plizyè dizèn lane, enstitisyon piblik sa a ap jwe yon wòl enpòtan nan fòmasyon plizyè jenerasyon jèn nan domèn edikasyon. Sepandan, pandan l ap make yon lòt ane egzistans, lise a ap fè fas ak gwo difikilte ki soulve enkyetid sou kondisyon elèv yo ap evolye ladan yo.
Youn nan pi gwo pwoblèm ki poze a se konstriksyon nouvo lokal lise a, ki ta gen anviwon sis lane depi li kòmanse, alòske pwojè a te prevwa pou l dire sèlman 13 mwa. Reta sa a kontinye mete elèv yo nan kondisyon difisil pou yo jwenn aksè ak bon jan ansèyman. Sitiyasyon an soulve kesyon sou responsablite Leta ak nesesite pou otorite konsène yo pran dispozisyon pou pwojè a fini.
Nan okazyon 34è anivèsè sa a, divès sitwayen lanse apèl bay otorite yo pou yo pote yon repons konkrè devan sitiyasyon Lise Jean-Marie Lamenais la. Yo mande pou travay konstriksyon an reprann oswa akselere, yon fason pou elèv yo kapab aprann nan pi bon kondisyon. Pou anpil moun, anivèsè sa a pa ta dwe sèlman yon moman komemorasyon, men tou yon okazyon pou raple nesesite pou Leta pran angajman li anvè edikasyon ak avni jèn nan Sen Lwi Dinò.






