Achevèk James Charly Bazora denonse responsab lekòl kongreganis yo nan Grandans

840

Achevèk legliz Prima Zile Karayib ak Ayiti a, James Merck Charly Bazora, ki te an vizit nan Jeremi, denonse responsab lekòl kongreganis yo ke li kalifye kap toupizi sosyete a.

07-07-2023

Jeremi, Ayiti (TRiboLAND) Ansyen prèt revòlte, ki kanpe kont systèm zonbifikasyon legliz katolik romèn lan nan Grandans, denonse pandan vizit li responsab legliz katolik romèn ke li kalifye kap zonbifye sosyete ayisyèn nan.

Prèt revòlte a ki se yon natif natal Dam Mari, men ki grandi nan vil Jeremi, te depasaj nan depatman Grandans lan. Pandan yon parèy vizit, lidè revòlte a, pa kache konstatasyon li fas ak degre mechanste, pè, mè ak sè kap dirije lekòl kongreganis yo atravè depatman Grandans lan; e koman yo pwosede pou kase ponyèt, malere ak malerèz.

Bazora ale pi lwen pou li di, kò mafya sa yo fè malere peyia, peye gro magogo lajan ke yo pa posede, malgre enstitisyon sa yo benefisye pwogram sibvansyon Leta ak kominote entènasyonal. Kòm kwa, li ta deklare se chak antite kap souse manmèl bèf la, ki pa genyen lèt ankò!

Fas ak tout fòm eksplwatasyon sa yo, chèf legliz Prima Zile Karayib ak Ayiti a, James Merck Charly Bazora, denonse responsab legliz katolik romèn yo nan depatman Grandans lan, e mande sosyete a pase men nan je yo, pou di non a tout fòm eksplwatasyon ak tretman sila yo ,ki pa ni biblik ou demokratik.      

Nap raple, responsab katolik yo te chwazi radye pè James Meck Charly Bazora; li te entèdi pou’l pa patisipe nan okenn aktivite relijyez legliz katolik romèn nan Grandans.

Comments are closed.