Yon nouvo Direktè enstale nan tèt Direksyon Santral Polis Jidisyè a

07 – 31 – 2024
Pòtoprens, Ayiti ______(TRiboLAND) Enspektè Jeneral Pierre René François enstale jounen mèkredi 31 jiyè 2024 la nan tèt Direksyon Santral Polis Jidisyè a (DCPJ), li ranplase Frédéric Leconte ki li menm transfere kòm Enspektè Jeneral.
Nouvo titilè DCPJ a, remèsye DG PNH la pou konfyans li plase nan li pou okipe fonksyon sa, li pwomèt li pral travay ak anpil pwofesyonalism pou bay bon jan rezilta.
Chanjman sa yo opere nan kad estrateji Direksyon Jeneral PNH la, yon fason pou remanbwe -l.