Nòdwès Edikasyon: Anseyan yo nan Sen Lwi Dinò pare pou bòykote rantre lekòl la

298

10\11\20

Sen Lwi Dinò____(TRiboLAND Nan yon Konferans pou laprès, pandan wikenn dimanch 11 oktòb 2020 an, sendika anseyan nan Sen Lwi Dinó ki regwoupe anndan asosyasyon enstititè lekól piblik Nòluizyèn (AIEPN), ansanm ak (CNEH) konfederasyon nasyonal edikatè ayisyen branch Nòdwès, denonse otorite ministè Edikasyon Nasyonal yo di ki pa respekte pwomès yo.

Pwotestatè yo mande pou minis Cadet al revize Kaye dechaj yo ki gen ladan l ansanm revandikasyon anseyan yo, selon pwofesè Marc-Antoine Pubien, ki se delege CNEH.

Pòtpawòl AIEPN nan, bò kote pa l, pwofesè Pierre Fedner, mande pou anseyan 1e ak 2e yo genyen menm avantaj ak minis Agenor Cadet. 13 000 goud pa kapab sèvi kóm salè pou yon anseyan kap founi 25 èdtan travay pa semèn. Pwofesè Fedner mande tou pou minis Agénor anile tout manda ak transfè li te mete dèyè sendikalis yo pandan yo pwomèt pou bòykote reyouvèti lekòl ki prevwa nan mwa novanm k ap vini la.

Anseyan sa yo ki te an kòlè deklare ke pa’p mande minis Cadet ajisteman salè, men yo pwomèt pou yo rekòmanse ak flanbo mobilizasyon an tousuit aprè egzamen ofisyèl yo si tout fwa ministè a pa reponn ak revandikasyon yo.

Saint Jean WISKIS

Comments are closed.