Asasinay Louis Joseph: yon krim krapile e revòltan

469

Sen Lwi Dinò____(TRiboLAND) Asasinay Louis Joseph se yon krim krapile, yon krim ki demontre ankò yon fwa ki nivo fòmasyon swadizan fòs ki reklame tèt li kòm antite ki tap mete lòd nan Christ Roi jedi 21 me 2020 an, SWAT touye yon inosan sitwayen ke yon konfonn ak bandi.

Krim sa, ki se pa pwemye stipidite gwoup SWAT la ki sanble toujou pè montre sa li vo nan Village de Dieu, soulve anpil endinyasyon nan sosyete ayisyènn nan patikilyèman komenn Sen Lwi Dinò, vil natal Louis Joseph alyas “Ti Louis”, enjenyè enfòmatik, kad kontraktyèl nan Ministè Afè Sosyal.

Se yon veritab kou ke fanmiy Louis Joseph pa ko dispoze pou admèt espesyàlman Lesly Eliodor Joseph, tonton e alafwa yon Papa pou defen an ke li te konsidere kòm pwòp pitit li depi lè Ti Louis te tou piti. Leslie E. Josph, ki se yon Pastè, yon edikatè konsome ki trè respekte nan Sen Lwi Dinò, pa sispann ap kriye san rete depi asasinaj SWAT la Jedi 21 me dènye a nan Christ Roi. Li detèmine pou li fè tout sa ki nesesè pou pitit gason l lan jwenn jistis.

Nap raple, Louis Joseph te jwenn lanmò li nan moman yon patwouy SWAT ta twoke kònn yo ak yon group bandi alòske sitwayen an krible anba bal SWAT nan moman li ta pwal achte lèt pou pitit li, yon fiyèt 6 lane.

Comments are closed.