Kriz peyi Dayiti a grav anpil: opozisyon an dwe mete kanson l nan tay li

202

01/25/21

Pòdpè______(TRiboLAND) Ansyen Batonye lòd avoka yo nan Podpè, Me Jean Fresnel, ki t ap opine sou kriz ayisyèn nan, deklare kriz peyi dayiti a pa piti e se yon konplo k ap marinen bò kote kominote entènasyonal la ki pa janm padone pèp ayisyen akòz 1804.

Me Fresnel Jean avanse pou’l di kominote entènasyonal la pako ranplase Jovenel Moïse, se paske li pako jwenn yon moun pa li. Savledi, yon moun k ap mache tèt bese devan li menm jan ak Jovenel Moïse.

Manifestasyon k ap dewoule atravè tout peyi dayiti, p ap kapab ranvèse Jovenel Moïse sou pouvwa a, selon ansyen Prefè CNG a, Me Jean Fresnel ki fè konnen yo pa janm konbat lafòs pa lalwa, li mande opozisyon politik la mete kanson li nan tay li si tout fwa l vle ranvèse Jovenel Moïse sou pouvwa a, paske daprè avoka a, revolisyon pa fèt ak bouch.

Ansyèn batonye avoka yo nan Podpè, fini pou di l’ONU te mete peyi dayiti sou protektora l depi nan lane 2004 atravè rezolisyon 1542, aprè depa ansyen prezidan Jean Bertrand Aristide, ki vin bay peyi Dayiti yon estati gouvènè.

Saint Jean Wiskis

Comments are closed.