FMI apwouve yon dekèsman 111, 6 milyon dola pou ede Ayiti batay ak kovid-19 la

0 334

Konsèy administrasyon Fond Monétaire International (FMI) reyitere volonte li pou ede Ayiti kouvwi bezwen ijan yo patikilyèman nan kad pou akonpanye sa yo ki pi vilnerab, apwouve yon demann sipò finansyè ke gouvènman Ayisyen an te fòmile nan objektiv pou fè fas ak defi kowonaviris la.

Dekèsman FMI sa ki fèt anba yon kouvèti Facilité Crédit Rapide (FCR) ki egal a yon montan 81, 9 milyon DTS (111,6 milyon dola US, swa 50% estimasyon pòsyonèl) pou ede kouvwi egzijans balans pèyman ki soti nan trajedi pandemi kovid-19 la.

Otorite peyi Dayiti yo anba egzijans pou soumèt chak mwa rapò detaye sou ekzekisyon budjè ki gen pou wè avèk depans Kovid-19 la san konte mete sou pye yon sistèm odisyon finansyè operasyonèl.

Kidonk, sa yo se divès pami kèk garanti pou itilizasyon finansman ijans ke FMI egzije otorite peyi lakay yo, pandan lap kontinye manifeste volonte pou bay Ayiti jarèt.

Leave A Reply