La Pointe des Palmistes: Otorite yo lage koukouwouj nan dègonn bandi yo

213

02/01/21

La Pointe_____(TRiboLAND) Nan Kad gwo batay k ap mennen pou rive tabli lòd ak lapè piblik, Lajistis nan komin La Pointe des Palmistes, lage koukouwouj dèyè divès jenn gason ki fè pati yon rezo gang ki abitwe opere nan La Pointe des Palmistes, prensipalmann Bas La Pointe, blòk Lycée Orius Poultre, nan dat 22 janvier 2021 an.

Bandi sa yo ki toujou ap sikile nan Komin nan ak gwo zàm nan men yo lajounen tankou lannwit fè brakaj, ransone moun epi pran valiz ak telefòn moun k ap pase nan zòn nan, daprè jij depè kominn nan, Me Fortunat Jean-Baptiste ki fè konnen gang sa deja vyole divès jenn fanm ak ti inosan gwo lajounen.Yo kraze anpil vit machin ki fè sikwi Pòdpè, Lapointe ak Sen Lwi Dinò.

Majistra a te pale tou de yon fanm ansent k ap pran swen nan yon lopital après l te fin resevwa anpil kou nan men yon sèten Crab ensikoni, yon bèbè ak Witchy ki fè pati gang sa a.

Fòk nou di, nan sousi pou tabli lòd ak trankilite piblik, jij depè La Pointe des Palmistes lan, Me Fortunat Jean-Baptiste deja desène divès manda dèyè yon sèten Smith, Enel, Loulou, Crab ak witchy pou asosiyasyon malfetè.

Saint Jean Wiskis

Comments are closed.