Yon Kay boule rapyetè nan zòn “Sou Kanal” nan vil Pòdpè

1,124

01-09-2023

Pòdpè, Ayiti ___(TRiboLAND) Jodi lendi 9 janvye 2023, vè 5è nan aprèmidi, lakay Jean Louis Marimathe boule rapyetè ak plizyè lòt ki flanbe nan zòn Riyèl Valyè, anpil moun konnen sou non “Sou Kanal”.

Daprè temwanyaj, Marimathe Jean Louis se yon machann gaz; e kay la te gen divès doum gaz ki te stoke nan li. Daprè yon neve Marimathe, se Wideline, nyès Marimathe ki tap fè manje e san pridans, li mete dife a tou prè gaz yo, ki deklentche yo gro dife.

Pa gen moun ki mouri, men gen Luckenson, ki se pitit Marimathe ki boule nan pye pandan li tap fè tantativ pou antre nan kay la, nan moman dife a tap layite.

Se pa premye kay ki bwile nan zòn Sou Kanal; trè souvan se kay moun kap benyen nan komès gaz.

Comments are closed.