Fowòm Patriyotik Papay Pou Yon Antant Nasyonal, branch Nòdwès denonse otorite yo e mande pou pèp la leve kanpe

440


Pòdpè____(TRiboLAND) Nan yon rankont ak Laprès, jounen Madi 14 Juiyè 2020 sa a, Fowòm Patriyotik Papay Pou Yon Antant Nasyonal, branch Nòdwès, denonse fason otorite yo ap mennen renn peyi an.

Youn nan Pòtpawòl Fowòm nan, Joseph Kerby, mande pou pèp Ayisyen leve kanpe nan jou ki pral vini la yo; savle di limen flanbo mobilizasyon an byen wo, pou anpche Prezidan Repiblik la, Msye Jovenel Moïse demoralize tè Papa Desalinn nan. Fowòm nan lonje dw`at jouda sou chèf Deta a ki pibliye yon vye dekrè ki pa kadre ak kilti pèp Ayisyen an.

Konsa, Joseph Kerby rabat pou mande paran yo pran anpil prekosyon ak louvèti lekòl 10 Out 2020 gouvènman an ap pale a puiske tout gang atravè peyi Dayiti finn legalize pou y’al kontinye masakre pèp Ayisyen an ki deja anba soufrans ak lapenn.

Pòtpawòl Fowòm Nòdwès la, fini pou’l mande, Msye Jovenel Moïse pou l pran anpil prekosyon swit ak deklarasyon li yo konsènan fen manda la. Selon Mesye Joseph, Manman Lwa peyi a klè kon klèwoz. 7 Fevwiye 2021, pa gen woutpabwa! Prezidan Jovenel Moïse dwe kite Palè Nasyonal!

Saint Jean wiskis, TRiboLAND
3600 1195
4204 2561

Comments are closed.