Premye jounen grèv jeneral la, paralize tout peyi a

198

02/01/21

Pòtoprens____(TRiboLAND) Tankou jan sa te deja anonse, aktivite grèv jeneral yon latriye sendika ki regroupe lòt antite kap veye sou konstitisyon an (COSHARCO), santi yo rejwi ak reyisit grèv la; yo felisite patisipasyon sosyete ayisyenn ki montre ke yo pap kite prezidan Jovenel Moise pran yon pous nan manda konstitisyonèl li a k’ap bout 7 fevriye 2021.

trafikLekòl te oblije fèmen pòt yo san konte biznis ak kòmès enfòmèl la ki te mouri plat; alòske divès ri nan kapital la te dezète, malgre prezans yon latriye patwouy polisye ki tap siyone plizyè kwen pou asure sekirite sa yo ki te nan lari, sa pat anpeche barikad tap bwile nan anpil katye nan kapital la.

Premye jounen grèv la sekwe mitan très cheve peyi a. Nan pwovens yo se pa pale; transpò yo te konplètman paralize e se prèske yon veritab dezobeyisans sivil pou rejte rejim PHTK a ki pa sispan trennen peyi a labou nan tout nivo.

Konsa, pou òganizatè yo se yon premye jounen grèv ki byen tape nan sòs! “Pwochen etap yo se wè kòman nou kapab pete apse jiska dimanch 7 fevriye 2021, yon dàt ki mete fen nan manda konstitisyonèl Jovenel Moise la, daprè youn nan inisyatè grèv sa ki ta sanble ki pa pou demen sèlman.

Comments are closed.