Me ki sa TRiboLAND konnen sou dènye enfo yo ki gen pou wè avèk gro Tonton chèf gang Ti Makak

1,225
  • Vrè non “Ti Makak”, se Carlo Petit-Homme.
  • Li se yon natif natal Tomasen, men ki te nan gro konfli tèryen avèk yon sèten Toto.
  • Li se youn nan gro chèf gang ki voye yon pakèt inosan ak politisyen anba tè. Pèp ayisyen ap sonje Ti Makak, pou kantite peripesi ak masak, bwile moun tou vivan nan Laboul ak plizyè lòt lokalite.
  • Nan dènye jou sa yo, gang Ti Makak te finn wè mò. Yo touye, bwile rezidans nan plizyè kote nan Laboul ak Tomasen. Yo fè sitwayen pèzib leve kouri kite kay yo, yon fason pou yo akapare posesyon inosan sa yo.
  • Dènye Masak Ti Makak la, se krim ki arive fèt sou 3 polisye ke sangwen yo arive touye nan anbiskad.
  • Lapolis, nan dènye jou sa yo entansifye operasyon dekonstonbwaj gang Laboul la an pèmanans. Yo te reyèlman mete pakou nan men group sangwen an.
  •  
  • Sa pa gen lontan aprè masak polisye yo, yon bon valè sangwen nan kan gang Ti Makak la te arive bwè dlo bouch yo. Anpil enfo te fè eta ke se lapolis ki te fè bale wouze a, kote ke anpil chapo ba te eksprime anfavè polisye yo.
  • Anpil sous konfime lanmò Carlo Petit-Homme, aprè yon pakèt va e vyen nan baz chèf gang sangwen Izo ak Ti Lapli, yon fason pou li te jwenn asistans medikal.
  • Nan dènye jou sa yo, group gang Ti Makak la ta pral jwen ak zo grann li, nan yon moman kidnapping lakay yon rezidan nan Tomasen, ki te resevwa ekip gang sangwen an avèk anpil zouti sòlòkòtò manch long, nan moman sangwen yo te anvayi’l, selon sa dènye enfòmasyon yo ta fè konnen.
  • Kèk sous ta konfime ke matant Ti Makak ta fè konprann ke li te arive mouri nan moman li te ale achte yon byè ak yon zanmi, lòske yon yon ajan sekirite nan yonta ouvwi kout bal sou yo.
  • Nan yon “voice” ki ta sanble ak vwa Ti Makak kap fè laviwonn dede rezo sosyàl yo, chèf gang kriminèl la ta sanble ap egzòte rès ekip gang yo pou yo chanje zam ki nan men yo direksyon.
  • Dènye regrè Ti Makak eksprime sou yon bann vokal, se fason tout gran bòs, li te konn ap travay ou kidnape moun pou yo, pa rele’l sou telefonn depi li te finn pran katouch la.
  • “Bay zam yo yon lòt direksyon”, se te konsèy chèf gang Ti Makak, ki pa menm kwè li tap sove.
  • Makak nan dènye moman doulè yo, tap eseye kase met nan nan bòs li, ki pat janm sone’l.
  • Nan dènye moman doulè yo, Makak tap esplike nan ki nivo nèg gwo palto yo ap itilize gang yo.
  • Pou ti Makak, se lè patwon yo bezwen’w pou ale fè kidnapping pou yo, yo konnen ou egziste.
  • Se lè’w nan malè pou konnen kiyès ki avè’w.
  • Se tout bon, sa fini pou Ti Makak! Yon kriminèl ke anpil moun fè fèt pou vwayaj li.
  • Genyen anpil gro chèf nan gouvènman Ariel Henry la, ki te toujou ap danse kole ak bandi Ti Makak ta fè santi ke se yon gro kou yo pran.
  • Yon jou pou chase, yon jou pou jibye!
  • Pa genyen yon vandredi sen ki pa genyen yon dimanch Pak!
  • Baton ki bat chyen blan an, se li menm tou ki bat chyen nwa a!
  • Bat chyen Legran, tann Dajanson!
  • Kòfrefò pa janm swiv kòbya!

Anpil moun deja ap antisipe ki pwochen bandi sangwen an ke koukouwouj la pral rankontre!

Comments are closed.