Pòdpè / Komès : Yon nouvo Direktè enstale nan tèt Direksyon Depatmantal Ministè Komès Nòdwès la

1,264

08-23-2022

Pòdpè, Ayiti _____(TRiboLAND) Yon nouvo Direktè depatmantal Ministè Komès enstale nan Nòdwès, yè lendi 22 dawout 2022 a, vè 11 nan maten, nan Konplèks Administratif Pòdpè a. Gracia Ferry Mary, se non nouvo Direktè Komès la. Se Minis Ricardin Saint Jean ki te vin enstale li nan site Kapwà Lamò a.

Objektif pwensipal yon parèy nominasyonl antre nan kad politik ministè a, daprè nouvo DDNO Ministè Komès la. Direksyon Depatmantal la pral aplike politik ministè a, an matyè komèsyal. Gracia di ke li deja pale ak minis lan e nan pwochen 15 jou yo gen aksyon ki pral kòmamse poze.

Malgre li enstale nan yon kontèks ki difisil, li pral travay ak tout lòt otorite yo nan depatman an nan limit la lwa ba li pou poze aksyon ki konkrèt. Direktè depatmantal Ministè Komès la ensiste sou kesyon gaz la, e li pwomèt lap pote solisyon.



Comments are closed.