Pou plis pase plizyè èdtan kèk katye nan Kafou asyeje, kidnape, teworize, panike, e blese anba gro zak vyolans group gang ame ki prèske dire 24 èd tan

448

11\27\20

Mahotyè, Kafou____(TRiboLAND) Sitiyasyon dejenere nan zòn Mahotyè 75, Besso, Chapantye, Wayne 83 ak 87 nan Kafou depi devanjou pou rive nan mitan jounen vandredi 27 novanm 2020 an. Selon yon sous otoritè anpil kout zam te pran chè nan lokalite notamman Bwa Djout tou prè Sous Korosòl ak group bandi sangwen.

Diferan katye nan zòn Wayne, Mahotyè 75 e latriye te anba panik ak presans masiv yon santèn nèg ankagoule ame ki anvayi e simen gro panik nan plizyè katye nan Komin Kafou preske tout jounen an, daprè yon sous PNH. bandi yo okipe plizyè zòn tankou riyèl Simeon, riyèl Armand ak riyèl Dedinn.

Konsa, entèvansyon ajan PNH yo pouse group bandi sangwen yo ta sanble pran an otaj plizyè sitwayen nan popilasyon an e blese kèk plis pase 5 lòt, daprè kèk sitwayen. Fas ak yon parèy klima latèrè, plizyè katye te ozabwa; anpil kout zam marye pandan prèske yon demi jounen; sitwayen yo pat sispann kalonnen telefòn yon latriye radyo nan kapital la pou eksprime foustrasyon yo atravè mesaj SOS fas ak manm gang sangwen ki menase pou mete dife nan rezidans yo.

Pou kèk moun, “objektif la se wè nan ki mwayen pou arive pran kontwòl lokalite sa yo daprè yon ansyen depute komin nan, ki rele Jacques Beauvil. Pou lòt moun, se ta yon rezistans fawouch ke jèn nan zòn nan ofri a yon lòt group ki soti pou plase yon lòt chèf gang nan kanton an. Yon lòt ipotèz ta lese konprann ke group gang ki deplwaye nan zòn nan ta gen pou wè avèk kontrekare yon group bandi ki rele Karavann. yon bagay ki sèten, sè ke yon jwen benediksyon pouvwa Jovenel Moise la tèt kale!

Fas ak yon parèy dejenerasyon sitiyasyon kawotik banditis, anpil biznis ak lekòl te nan obligasyon pou fèmè pòt yo. Gro van panik ak gro detonasyon kout zam ke moun pa abitye tande te bay anpil lawouli. Deblosaj yo te kòmanse depi 2:00 am e rive jous aswè a zam prèske ap chante pandan 24 èd tan.

Anba je yon Leta ak gouvènman koupyon, ki federe group gang anndan peyi a, pandan ke nasyon ayisyèn nan ap plonje a chak minut nan efondreman ak eradikasyon.

Jacob Bendalham

Comments are closed.