Enjenyè Nesly Gelin pran tèt direksyon rejyonal OREPA-CENTRE yon lòt fwa ankò

373
0
Share:
TRiboLAND

07-19-2023

Mibalè, Ayiti____(TRiboLAND) Enstalasyon enjenyè Nesly Gelin yon lòt fwa ankò nan tèt direksyon rejyonal OREPA-CENTRE, jounen mèkredi 19 jiyè 2023 a.

Nan yon anbyans trè chofe an prezans zanmi ak alye nouvo direktè rejyonal la ak lòt kad nan DINEPA. Direktè jeneral DINEPA a, Guito Edouard enstale pou yon dezyèm fwa, enjenyè Nesly Gelin kòm nouvo direktè rejyonal OREPA-CENTRE.

Direktè rejyonal la, Nesly Gelin fè konnen li pral travay nan enterè popilasyon an pou bon jan dlo trete koule nan robinè yo.

Nesly Gelin ki ranplase nan pòs sila, Théophile Ostinvil ki gen kelke mwa depi l te demisyone nan pòs la.

Share:

Leave a reply