Asasinay Gary Clermont: OPL pran yon gro kou e li lage responsablite a sou otorite defakto yo

252

02/27/21

Pòtoprens_____(TRiboLAND) Yon Lòt fwa ankò malfwa sangwen yo pa sispan fwape; ansyen Kowòdonatè kominal Organisation du Peuple en Lutte (OPL), Gary Clermont krible anba bal bandi sangwen jodi samdi 27 fevriye 2021 an nan moman li t’ap sòti nan yon bank nan kapital la.

Nan moman li t’ap sòti nan yon bank komèsyàl nan Rue Pavée a, bandi yo te mande responsab OPL pou komin Gran Boukan, nan depatman Nip lan, Gary Clermont yon valiz ki te genyen lajan nan men’l. Alòske Clermont te refuze; se konsa sangwen yo pat pran tan pou yo te krible li avèk plizyè bal nan tèt e 2 lòt frè li ki te ansanm avèk li blese seryezman.

Pou Kowòdinatè jeneral OPL la, senatè Edgar Leblanc Fils, di ke li mete chapo li byen ba devan memwa yon parèy jèn gason OPL ki reyèlman “afab, detèmine e boure ak avni.” Leblanc Fils rapouswiv pou li di ke “Clermont tonbe anba ensansibilite, iresponsabilite, ak avègleman gro otorite yo ki fè peyi tounen yon lanfè pou pitit li, espesyalman pou jenès la”, daprè Edgar Leblanc Fils ki t’ap depoze avèk anpil tristès e dlo nan je.

Comments are closed.