Jovenel Moise klarifye 2 dènye dekrè prezidansyèl yo ki ta yon tijan sispèk

272

12\13\20

Nòdès____(TRiboLAND) Pou eklèsi enkyetid “Core Groupe” sou 2 dènye dekrè prezidansyèl sou kreyasyon ANI ki se Agence National d’Intelligence pou peyi a, Prezidan repiblik la, Jovenel Moise ki te nan visit nan Nòdès peyi a te fè li klè ke ANI pa kreye ditou nan entansyon pou mete sou pye yon sistèm diktatè anndan peyi a.

“ANI pa kreye pou ranplase yon kò Tonton Makout,” daprè Jovenel Moise ki tap depoze sou radio Kanari Fm pandan pasaj li nan depatman Nòdès la.

Chèf leta deklare ke yon parèy demach inikman vize pou fasilite li genyen aksè ak yon seri enfòmasyon sansib sou sekirite peyi a. “Kòm prezidan peyi a, mwen pa janm genyen oken enfòmasyon sou sekirite peyi adepi mwen moute sou pouvwa a.” “Anplis, se yon peyi kote ke, menm premye minis la, minis jistis, lapolis, pale, minister enteryè ak sekirite public pa men genyen yon sèvis entelijans.”

“Se yon strikti kap genyen anndan’l polisye, militè, syantifik, ak teknisyen. Mwen senpleman vle dote peyi a yon strikti legal pou kontrekare sa yo ki vle destabilize peyi a; konsa, anpil dispozisyon gen pou pran pou ranfòse sekirite peyi a,” daprè lokatè pale nasyonal la ki tap reponn “Core Groupe jodi dimanch 13 desanm 2020 an.

Comments are closed.