Renald Lubérice, sekretè jeneral konsèy minis gouvènman PHTK a kase mete nan men “Core Groupe” pou 2 dènye dekrè egzekitif la

200

12\13\20

Pòtoprens_____(TRiboLAND) nan yon tweet ke li mete deyò jodi dimanch 13 desanm 20202 an, sekretè jeneral konsèy minis yo, Renald Lubérice kase mete nan men “Core Groupe” konsènan dènye dekrè egzekitif la te fè sòti yo.

Konsa, nan sa ki gen pou wè avèk enkyetid ke “Core Groupe” genyen kap tripote bon nanj li sou kesyon dekrè ki gen pou wè ak Ajans Nasyonal Entelijans ki pou ranfòse sekirite piblik peyi a, Mesye Lubérice ta sanble deklare bay kò diplomatik la ke timari pap moute, timari pap desann.

“Nou pap pran leson nan men moun!, nou wè e viv anpil bagay e nou resevwa anpil konsèy nan men zanmi. Men, pa gen pran leson pyès. Dayè, tout leson nou te pran deja yo, se te move leson. Si nou pa kwè sa, gade sa yo koulya, ki sa yo bay kòm rezilta,” daprè sekretè jeneral konsèy minis lan ki tap mete “Core Groupe” nan ròl li sou ofisyèl tweetè li.

Dènye pase men Renald Lubérice sou do “Core Groupe”, gen pou wè ak akizasyon dwàt jouda ke li fè sou yon seri konsèy tèt chat, leson pap padap, ak dikte bò kote entènasyonal an pati ki responsab sitiyasyon malmakak peyi a trouve’l jounen jodia.

Anpil moun estime ke se kòmans yon divòs kap pran jarèt nan yon moman pèsònn moun pa bezwen lòt ankò paske pral genyen yon nouvo Sheriff lakay Tonton Sam. Li klè pou yon moun konprann, tout moun ap chèche trese lèl, lave men yo e menm avili lòt; kote ke avèk depa Donald Trump, youn pa itil lòt ankò.

Gen anpil pou moun wè avan prestasyon sèman nouvo prezidan demokrat Etazini an! Anpil moun ap gentan chanje kazak yo nan deblosaj avilisman reselè nan mete tout kaka chat deyò.

Comments are closed.