“Mouvman Pwen Final” voye yon iltimatòm 48è bay Pwemye minis Ariel Henry pou li demisyone.

910

01 – 15 – 2024

Mouvman Pwen Final” estime ke sitiyasyon peyi a grav e ki makònnen ak tansyon politik ak ensekirite yok ap bwase bil 10 depatman peyi a, deja paralize yon latriye vil pwovens yo ak kapital la.

Vil tankou Wanament genyen plizyè ri ki bloke, lekòl pa fonksyone, e komès ak aktivite enstitisyon bankè yo tonbe alagraba. Anplis, vil Okap ak TiGwav ap viv gwo tansyon ke moun pa janm wè.

Sa ki pi rèd la, kout zam pa sispann chante nan kapital la. Tout moun ap viv tansyon ak panik jeneralize. Se tankou, yo barik poud ki pwèske eksploze.

Konsa, pou peyi a epanye anba yon parèy eksplozyon, li enpòtan pou Ariel Henry pwezante pwese pwese demisyon li bay nasyon ayisyèn nan nan 48èd tan, dapwè yon nòt kòdonatè jeneral “Mouvman Pwen Final” la, Ulysse jean Chenet mete deyò.

Comments are closed.