Okap: Fanmiy Moise Jean Charles atake, pou pipiti yon moun mouri, yon blese e yon lòt disparèt

0 493

Okap____(TRiboLAND) madi 14 Avwil 2020 an, sou yon radyo nan kapital la, lidè opozisyon ayisyènn nan, Moise Jean Charles konfime enfòmasyon ki lèse konprann ke li ta sibi yon gwo atak douvanjou nan 1:00 nan maten lakay li nan Okap.

Moise ki te trè limite nan fè plis kòmantè te tou senpleman jistifye rimè yo ki tap kouri pasi pala. Lidè opozisyon an tap pale ak anpil emosyon nan vwa li lòske li tap deklare ke li sot “pran yon gwo kou”, nèg ak ak manch long antre lakay madanm li se pa ti dega ke yo fè. Yon bòfwè madanm li ki rele Analiguene Cher Enfant alyas “Ti Palèt” ki se jeran pèsonèl ou familyal madanm Jean Charles Moise, pran plizyè katouch e li mouri; yon lòt kouzen madanm li pran plizyè katouch e li byen grav lopital, answit yon lòt bòfwè li pòte dispari e yap chèche li kon chyen fou.

Latriye zak vyolans sa yo rive bab pou bab nan yon kontèks kote ke lidè Pitit Desalenn nan ap miltipliye yon masiv e enpwesyonant kanpay aspèsyon ki gen pou wè avèk aksyon sitwayènn nan kad pou ede konbat kowonaviris la nan Lwès ak nan Nò peyi Dayiti.

Leave A Reply