Yon lòt Grefye mouri nan Tribinal Premye Enstans Pòdpè a

262

09\13\2020

Pòdpè____((TRiboLAND) Me Thony Charles, Grefye, se katryèm moun ki mouri nan yon espa 3 mwa nan sistèm jidisyè Nòdwès la jodi 13 septanm 2020 an.

Reselè ak fouyapòt kap ede konte, rann kont ke te deja genyen yon Isye ki te mouri; answit nan mwa jwen pase se te lanmò Grefye Louis Mary Altes swit ak sentòm kowonaviris; yè samdi 12 septanm nan yon lòt Isye mouri; anplis, jodi 13 septanm nan se ka Me Thony Charles, yon lòt Grefye, yon lòt kàd ki di depatman Nòdwès la orevwa!

Nan sikonstans dramatik sa yo, yon moun oblije mande sa kap pase nan Tribinal Premyè Enstans Pòdpè konsa? Nan yon sepas 3 mwa sèlman, 4 kàd nan Lajistis la disparèt tankou eklè. Malerezman, genyen anpil rezon pou mande ki lès moun ki pral prochen kò san vi a?

TRiboLAND voye senpati bay madanm, pitit, lòt manm fanmiy Me Charles, zanmi, kòlèg ak Association Nationale des Greffiers Haitiens (ANAGH) ke dèy sa frape jis nan zo. Ke nanm Me Charles repoze nan Lapè!

Comments are closed.