Fenomèn ensekirite a moribon aktivite selebrasyon Jounen Entènasyonal Fanm yo nan divès depatman nan peyi Dayiti.

835

03 – 08 – 2024

Pòdpè, Ayiti__(TRiboLAND) Se nan dat 8 mas chak lane, òganizasyon Nasyon Tèt Kole yo deside selebre Jounen Entènasyonal Fanm yo nan plizyè peyi nan mond lan.

Kontrèman ak divès lòt nasyon kap miltipliye lajwa nan kè fanm yo, anviwon plizyè lane nan peyi Dayiti, nou kapab konstate ke fèt yo ap pèdi pye seryezman anba gwo pataswèl fenomèn ensekirite a.

Manm Òganizasyon REFANO, vizite fanm yo nan pwizon sivil Pòdpè a.

Pou ane 2024 la, nou konstate nan 4 kwen peyi Dayiti, aktivite selebrasyon jounen entènasyonal Fanm yo fin moribon tèlman dwa fanm yo pa respekte.

Seta ka egzanp pou kapital la kote, fanm yo ap sibi vyolans fizik, sikolojik ak seksyèl gang ame yo pasi pala; san nou pap bliye fason anpil nan yo pèdi lavi yo lakay yo, nan mache yo ak nan gran ri yo.

Pou ane 2024 la nan depatman Nòdwès la, aktivite regwoupman fanm yo tèlman resevwa gwo pataswèl, se ka pou REFANO ak divès lòt regwoupman fanm ki pa anmezi pou fè kichoy nan moman selebrasyon fèt fanm yo.

Comments are closed.