Christian Emmanuel Sanon, se non yon doktè ayisyen ki jwen arestasyon li nan ankèt manch long kap mennen sou asasinay pwezidan defakto Jovenel Moise la.

184
0
Share:
TRiboLAND

07/11/2021

Pòtopwens______(Pòtopwens) Sous ki soti anba zèsèl ankèt la fè eta de yon konsène ke yo deja arete, lonje dwàt jouda sou doktè ayisyen, Christian Emmanuel Sanon ki enplike nan asasinay pwezidan Jovenel Moise la..

Otorite ayisyèn ap miltipliye bwàs pou boske plis anafè nan yon parèy krim ki genyen yon pòte entènasyonal. Konsa, plizyè annafè ki te responsab sekirite pwezidansyèl tou nan rezidans suveye.

Doktè Sanon se yon lòt ayisyen ki ta sanble enplike nan krim odye ki mete fen nan vi Jovenel Moise mèkredi 7 jwiyè 2021 dènye. Sous otorite ayisyèn yo konfime ke yo kenbe zonbi Sanon apati entèwogatwà ki te mennen sou 2 ameriken-ayisyen : James Solages 35 lane ak Joseph G. Vincent 55 lane ki te fè pati 26 kolonbyen ki te patisipe nan asasinay Jovenel Moise la.

Konsa, ameriken-ayisyen yo konfime ke yo tap travay pou yon konpayi CTU Security (Counter Terrorist Unit Federal Academy LLC) ki nan eta Florid, Etazini ak Kolonbi men ki mare sosis yo ak doktè Sanon. Kidonk, doktè Sanon anboche CTU e CTU anboche Kolonbyen yo.

Yon lòt revelasyon ke mesye ameriken-ayisyen yo fè, gen pou wè avèk misyon yo ki pat pou touye pwezidan Jovenel, sinon ke arete’l anba yon manda ki date 2019 e kondwi’l nan palè nasyonal, konsa yo tap finalman enstale doktè Sanon kòm nouvo pwezidan, dapwè sa yon sous otoritè konfye Miami Herald.

Share:

Leave a reply