Gwoup “Fantom 509” bay otorite to yon iltimatom pou relache yon konfwè yo ki nan pwizon

0 308

Pòtopwens____(TRiboLAND) “Gwoup “Fantom 509” bay otorite peyi Dayiti yon iltimatòm pou yo libere konfwè yo, polisye Jean Pascal Alexandre ki ap bwè pwizon nan penitansye nasyonal.

Polisye Jean Pascal Alexandre, ki se yon manm nan kò Brigarde de Lutte Contre le Trafic de Stupéfiant te jwenn arestasyon li 8 me 2020 dènye anba òdonans komisè gouvènman tribinal pwemye enstans Pòtopwens lan, Jack Lafontant. Yo akize Alexandre kòm moun ki enplike nan zak asasina, eleman sibvèsif pou kapote leta, kriminèl kap mete dife e detwi byen piblik.

Gwoup “Fantom 509” estime arestasyon an ilegal. Antretan, ansyen Kòwodonatè Jeneral Sendika Polis Nasyonal la, Yanik Joseph mete fwen sou tout diskisyon avèk otorite yo jiskaske polisye Jean Pascal Alexandre jwenn liberasyon l.

Leave A Reply