Inityativ Pou Devlopman Ayiti (IDA) lanse ofisyèlman nan Grandans.

05 – 25 – 2026
Jeremi, Ayiti_____(TRiboLAND) Nan objektif pou ranfòse dinamism politik li, Inityativ Pou Devlopman Ayiti (IDA), lanse ofisyèlman pati a nan Jeremi, kote plizyè dizènn patizan, senpatizan ak yon latriye manm inityativ, ki te sòti atravè katòz komin depatmantal Grandans lan; yo tout te reponn prezan nan lokal Pirit Nigth Club Jeremi.
Nan okazyon gro sòlòkòtò sila, yon kòdinasyon depatmantal pwovizwa te mete sou pye yon fason pou ranfòse pwogram sosyo-politik devlopman IDA nan Grandans. Selon responsab pati a, mèt Louis Jutano ki tap depoze nan mikwo TRiboLAND, demach estratejik sila yo antre nan kad ladrès ak dinamism pou arive mete men sou pouvwa a atravè eleksyon.
Divès moun ki te patisipe nan gwo wonble estrikti politik sila, swete dirjan yo nan Inityativ Pou Devlope Ayiti (IDA) pa yon pati politik tradisyonèl k’ap vinn itilize popilasyon an pou pwan pouvwa sèlman; men pito kap pwan an konsiderasyon ansanm pwoblèm sosyal, politik, diplomatik e sitou pwoblèm ensekirite jeneralize a, ki se yon andikap majè pou devlopman dirab Dayiti, patikilyèman Grandans peyi a.






