Me ki sa TRiboLAND konnen de joune 8 desanm Fèt patronal Imakile Konsepsyon nan vil Pòdpè

366

TRiboLAND – 12\08\20

  • Mès nan sikonstans lan te asure anba lobedyans Evèk Charles Peters Bartelus. Avèk yon apròch anvironmantal, lidè relijyez la te plis adrese sitiyasyon sangwen ke vil la ap fè fas, notamman fatra pasi pala ak moun ki pran yon malen plezi ki kè pòpòz ak fatra tout kalite nan vil la.
  • Moun te kapab konte sou men yo yon ti ponyen ofisyèl ki te la; pami yo ou jwen minis sante PHTK a, direktè jeneral sante a te prezan, san bliye minis Afè Sosyàl la ak Anbasadè Wilbert Bélizaire ki te egalman prezan.
  • Evèk Bartelus rele konpreansyon tout moun pou pote kole nan fè kolònn ak lage koukouwouj dèyè fatra. Li egzòte yo pou yo fè yon fron konmen pou vil la vinn pròp ak rete pròp. Li raple yo ke se Pòdpè ki pi sal pami tout gro vil yo.
  • Evèk la mande lekòl kay frè, kolèj Notre dame de Lourdes pou yo bay yon bon jan kout men nan netwayaj vil la. Li ajoute egalman pou otorite ki nan vil la resezi yo pou yo netwaye vil la.
  • Aprè aktivite seremonyèl yo, te genyen yon diven donè ki te bay nan Sal Pawasyàl la.
  • Plizyè festivite te òganize nan diferan bout kwen nan vil Pòdpè ak yon kantite redwi.
  • TRiboLAND aprann se akoz degradasyon sosyo-ekonomik ak sanitè sitiyasyon nefas depatman an ki anbarase prezidan Jovenel Moise ki fè ke li pat patisipe nan seremoni sikonstans lan kote diskou yo te kapab sible prezidan an, jan sa souvan rive nan kèk okazyon.
  • Jovenel Moise pat fè ak prezans ni nan mès okazyonèl fèt patronal Sen Nikola ak Imakile Konsepsyon. Chèf deta a te plis enterese vizite divès chantye ki gen pou wè avèk enfrastrikti routyè nan Nòdwès.
  • Jovenel Moise te prefere anonse pito ke prochen festivite kanaval nasyonal 2021 yo ap deroule nan Nòdwès. Yon sitiyasyon ki fè anpil advès prezidan an griyen dan.
  • Selebrasyon Fèt Imakile Konsepsyon fete sou pil fatra ak labou nan site Kapwa Lamò a.
  • Otorite eklezyastik yo nan Pawas Pòdpè a te òganize yon posesyon ki te reyini yon krèy pè, mè, frè, evèk, misyonè tout kalite ki te soti nan diferan kontre.
  • Fèt imakile Konsepsyon fete sou pil fatra anbe je yon ekip malpròp sangwen ki pa menm gen yon minimòm jesyon pou administre yon katye pou nou pa di yon vil. Se Prezidan Jovenel Moise menm ki te rekondwi ekip sa ki plis promote kochon sikile nan site Kapwa Lamò a. Plas devan legliz la tounen yon anbyans kenkay ak yon espas manje kwit ke moun pat janm reve imajine lontan. Nap raple, se prezidan Jovenel ki te nome menm ekip Lameri sangwen sa kòm ajan enterimè.
  • Yon fèt ki prèske pase sou silans e ki pèmèt chèf deta a evite pran bouch di nan men responsab legliz yo ane sa.
  • Ti group dyaspora ki te pran chans antre nan yon konjonkti krim, kidnapping, salte, ensekirite se prèske sou dwàt moun ka konte sa.
  • Nan okazyon fèt patronal 8 desanm nan, Premye Dàm Martine Moise nan tèt kole ak lopital OFATMA te mete sou pye 2 joune konsiltasyon medikal ki touche yon bon valè timoun ak granmou ki reyèlman nan bezwen.
  • Premye Dàm Martine Moise nan tèt kole ak ministè sosyàl te distribye kèk ti kichòy popilè tankou soulye ak valiz.

Comments are closed.