Nòdwès: Selebrasyon Jounen Entènasyonal Fanm Riral nan Boden

275

10\16\20

Boden___(TRiboLAND) Se jounen jedi 15 oktòb 2020 saa, pou premye fwa, medàm yo nan 1e seksyon kominal Pòdepè, lokalite Boden, selebre jounen Fanm Riral sou tèm :” Fanm Peyizan se motè devlopman peyi a.”

Nan okazyon an, yon mès pou di Granmèt la mèsi, te rive chante anndan chapèl Boden an, byen bonè maten jedi 15 oktòb saa anprezans ajan egzekitif enterimè komin Pòdepè a madàm Yanick Auguste, direktris depatmantal Kondisyon Feminin Nòdwès la, madàm Erlande Pierre, reprezantan edikasyon an, madàm Irva Alexandrine Orélus, delege vil (DV), madàm Béthanie Louis, kowòdonatè FAO pou rejyon Nòdwès la, enjenyè /agwonòm, Jhonson Dieujuste, òganizasyon fanm, KASEK / ASEK ki te soti nan plizyè seksyon kominal depatman Nòdwès la.., pou n site sa yo sèlman.

Prensipal selebran an, “Abbé “Toussaint Douglas ki te entèvni nan okazyon an akoz absans kire pawas la, Rev. pè Kerny Eugène, te adrese l dirèkteman ak fanm yo pou l fè yo konnen yo se motè sosyete a, yo dwe mete tèt yo ansanm pou devlopman zòn kote y ap viv la.

Ajan egzekitif enterimè komin Pòdepè a, madàm Yanick Auguste ki limenm se inisyatè jounen sa a nan Boden, te pran lapawòl pou felisite medàm yo li di ki abandone tout aktivite yo pou vin patisipe nan fèt fanm nan pandan l ankouraje fanm sa yo pou yo fè tande vwa yo paske selon madàm Yanick Auguste, fanm andeyò kapab patisipe nan tout bagay tankou: edikasyon, sante, agrikilti, ak politik.

Direktris depatmantal Kondisyon Feminin Nòdwès la, madàm Erlande Pierre, bò kote pa l, fè konnen prezans li nan aktivite sila a, se vin founi je gade, vin tande doleyans fanm yo pou l ka transmèt yo nan biwo santral paske selon madàm Erlande Pierre, fanm andeyò yo, se fanm menm jan ak tout fanm; Leta dwe gen je fikse sou yo.



Fanm sa yo ki te soti nan divès seksyon kominal depatman Nòdwès la pa t kache mekontantman yo fas ak moun yo te vote yo e ki t ap idantifye divès pwoblèm seksyon kominal yo ap fè fas jounen jodi a tankou pwoblèm edikasyon, sante, wout, dlo potàb, pwodwi alimantè, timoun yo ki lage nan savann nan san yo pa kapab ale lekòl…, fè konnen toutotan pwoblèm sa yo pa jwenn yon solisyon vite e prese, piga òkenn nèg politik vin pale avèk yo sou zafè eleksyon.

Reprezantan FAO nan rejyon Nòdwès la, Agwonòm /Ekonomis Jhonson Dieujuste, nan finisman aktivite a, te distribwe yon dividal zouti agrikòl tankou: wou, pikwa, rato, pèl, manchèt…, bay òganizasyon fanm yo ki te reponn prezan anndan jounen Entènasyonal Fanm Riral yo.

Boden, 1e Seksyon kominal Pòdepè, Saint Jean Wiskis

Comments are closed.