Avan Henry Ford, te gentan gen yon nwa ki te fè otomobil

0 453

C. R. Patterson te fèt nan esklavaj e li te konstwi otomobil menm avan Henry Ford, e machinn li yo te teknolojikman pi avanse; men C.R. Patterson pat janm kapab arive egale volim machinn ke Ford te konn ap pwodwi

Yon konpayi ki te rele CR Patterson et Sons nan Greenfield nan eta Ohio, Etazini ant lane 1865 a 1939 te konn fè bon ti afè nan pwodwi machinn. Konpayi sa te soup ye gras a yon moun ki te fèt nan esklavaj ki te rele Charles Richard Patterson. Se yon konpayi ki pase anba men twa jenerasyon famiy Patterson. Nan tout istwa konpayi-a, li te konn toujou fè konstwiksyon vwati, kamyon, otobis e anplis li te toujou vle mache avèk evolisyon rapid egzijans teknolojik yo nan endistri twanspò-a.

Lè petit CR Patterson, Frederick kòmanse ap konstwi machinn nan lane 1951, li te vinn premye e inik nwa ki te arive konstwi yon otomobil. Antrepwiz la te fè anpil efò pou-l te kenbe yon pozisyon pyoniye ala fwa nan konstwiksyon gwo machinn twanspòtè ki te rele hippomobil ak otomobil pou lekòl. CR Patterson et Sons konpayi te yon lidè nan endistri-a nan konsepsyon machinn pou sezon ivè (buggy hiver).

Famiy Patterson yo kreye yon non pou yo nan endistri twanspò-a kote yo te kapab rive trè konpetitif pou arive fè siksè. Sosyete fanmiy sa gen yon istwa ki inik ak yon seri de rapò byen detaye ki pat janm devwale nan yon seri dokimanke pwoblem ak difikilte moun sa yo te jwenn pandan yo tap bat pou suviv pandan 74 lane nan mond biznis lan kote blan se te sèl kòk chante.

Sous:  http://www.coachbuilt.com/bui/p/patterson/patterson.htm;

Leave A Reply