VIANO selebre 30 lane egzistans li nan Nòdwès

0 450

Pòdpè___(TRiboLAND) Andikape yo nan Nòdwès “VIANO” ki se Vizyon Sou Andikape Nòdwès selebre jounen Madi 26 Novanm 2019 la 30 lane egzistans yo, 26 Nov 1989-26 Novanm 2019. Nan sans sa, Kowódinatè mouvman sa-a, Jean Baptiste Méprilus ki tap reponn kesyon TRiboLAND fè konnen se yon selebwasyon kote plis pase 2000 andikape nan Nòdwès ap onore nan mizè, nan lawont akoz sitiyasyon de krenn goch peyi-a ap viv jounen jodi-a. Yon sitiyasyon kè plen ki mete pi plis toujou moun andikape yo ki pa janm gen oken enstan kap voye je sou yo, nan bafon mizè enfwa imènn pa konn ki sen pou yo rele akoz lavi kap di adye!

RESPONSAB VIANO, Vizyon Sou Andikape Nòdwès


Kowòdonatè Méprilus ki toujou gen je sou plis 2000 andikape ki epapiye nan kat kwen Depatman Nòdwès la, voye yon mizangad bay tout òganizasyon andikape bidon nan Nòdwès kap pwofite mizè rere ak soufwans andikape yo, kote key o vle trennen popilasyon mobilte limite-a nan kad mandisite. Dapwè Kowòdonatè VIANO-a, menm lè gen kèk nan yo ki gen pwoblèm ekonomik, men majorite nan yo se pwofesyonèl e kiltivatè pandan. Li lanse yon apèl bay swa dizan otorite peyi-a pou voye je gade yo atravè yon pwogram ankadreman teknik pou andikape yo ki nan detrès.

Frasset Chery, yon ansyen anseyan ki li menm se yon andikape e ki se youn nan mann Fondatè Òganizasyon sa-a e ki te pwan lapawòl nan okazyon selebrasyon sa-a te ale nan menm sans ak kowódonatè a pou esplike andikape yo se moun yo ye menm jan ak tout moun. Selon Frasset Chéry, lavi pou yo pa dwe yon lanfè! “Majorite nan yo,se pwofesyonèl e yon grenn bagay yap tann nan men mouche leta-a se ankadreman pandan,” dapwè Mesye Cherry kap plede anfavè Lwa ki pou fè andikape yo santi yo se moun tou e pou li Leta mete yon pwen final nan maltrete yo.

Saint Jean wiskis /TRiboLAND

Leave A Reply