Nòdwès: Dezyèm joune aktivite klinik mobil Premyè Dàm repiblik la fini nan bout li

241

12\08\20

Pòdpè_____(TRiboLAND) Dezyèm joune aktivite konsiltasyon medikal anba inisyativ Premyè dàm Martine Moise nan tèt kole avèk lopital OFATMA ki te kore avèk Ministè Afè Sosyàl fini nan bout li jodi madi 8 desanm 2020 nan vil Pòdpè.

Dezyèm aktivite sa mete yon bout nan 2 jou koudjay asistans sante atravè klinik mobil pou popilasyon ki pi vilnerab yo nan site Kapwa Lamò. Plis pase 500 moun te nan liyn jous nan aprè midi jodi 8 desanm nan.

Yo te mase nan tout kwen nan lakou kay Frè Enstriksyon Kretyèn yo pou te resevwa kichòy tankou soulye valiz, jan sa te fèt nan premye joune a; alòske responsab yo te deja ap fè fas ak ensufizans resous pou te vanse ak distribisyon kichòy yo.

Konsa, te genyen anpil bouskilad ak dezòd e menm batay, yon nòt sal ki genyen enpak sou prosesis planifikasyon yon tèl aktivite ke premye dàm nan te initsye alokazyon fèt patronal Imakile Konsepsyon nan site Kapwa Lamò a.

Comments are closed.