Mèri Pòdpè dekrete konje kominal nan okazyon fèt patwonal Imakile Konsepsyon.

12-06-2022
Konsèy kominal fantòm komin Pòdpè a, dekrete konje kominal nan dat mèkredi 7 ak jedi 8 desanm 2022 a.
Pòdpè, Ayiti____(TRiboLAND) Nan yon nòt ki pote non Mèri Pòdpè a, biwo kominikasyon minisipalite Mèri a, enfòme tout moun an jeneral, pik kou mawon, zannanna kòm penwen, enstitisyon eskolè kou pwofesyonèl, enstitisyon komèsyal kou finansyè ke Konsèy kominal la, dekrete mwatye jounen nan mèkredi 7 ak jedi 8 desanm 2022 a, “Konje Kominal”.
Desizyon sa yo pran, yon fason pou pèmèt popilasyon an prepare epi jwi fèt sen patwòn yo kise Imakile Konsepsyon.
Dekrete mwatye jounen mèkredi 7 ak jedi 8 desanm, “Konje kominal”; li enpòtan pou konnen, tout ti kwen nan vil Pòdpè nan moman nap pale la, chaje labou ak fatra.
Pwomèt fidèl katolik Pòdpè yo bòn fèt nan lanmou ak lapè, ekip Mèri Pòdpè a, pako janm fè siy prezans yo nan lari a vwa pou yo ta goumen pou netwaye site Kapwa Lamò a.






