Yon gwo tonton dife pran nan lakou Pakè vil Gonaiv la

221

02/11/2021

Gonaiv_____(TRiboLAND) Yon gwo dife ki t’ap paweze nan lakou Pakè vil Gonaiv la mete syèl site endepandans lan tou nwa jodi jedi 11 fevriye 2021 an.

Konsa, enfòmasyon ki arive jwen TRiboLAND fè eta de yon machin ki t’ap bwile nan lakou Pakè a; daprè kèk sou lokal ki evoke posiblite de yon kawoutchou kit e sou do yon jeneratris ki t’ap kankannen.

Jouska prezan, otorite yo poko ditou pwononse yo sou sa ki t’a alabaz yon parèy dife ki te alame plizyè moun ki t’ap viv nan anviwonnman Pakè a, nan vil Gonaiv.

Comments are closed.