Jounen Nasyonal Anseyan, Frè Lekòl Kretyèn Lasalyèn yo òganize yon fòmasyon pou anseyan yo.

510

05/17/2021

Pòdpè______(TRiboLAND) Jounen lendi 17 me 2021 an, se “Jounen Nasyonal Anseyan”. Frè lekòl kretyèn Lasalyèn yo nan vil Pòdpè, te òganize yon seyans fòmasyon nan entansyon tout pwofèsè alawonnbadè ki fè pati de Kongregasyon saa sou tèm “Éthique Professionnelle en Éducation”.

Se te yon okazyon pou Kowòdonatè MEL/Haïti a (Misyon Edikasyon Lasalyèn, Ayiti), Rév. Frère Paul Wallinx adrese l dirèkteman ak pwofèsè yo kote l mande yo pou yo pran travay yo an men, savledi pran oserye zafè aprantisaj timoun lekòl yo. Sitou nan kontèks kriz ak sou lagraba peyi a ap naje, kote youn ap devore lòt.

Kanta dirijan ayisyen yo, Frè Paul egzòte yo pou yo aprann apresye travay pwofèsè yo: trete yo tankou moun ki se youn pami tout lòt kondisyon k ap pèmèt yo byen fè travay yo e pou akonpanye timoun lekòl yo nan aprantisaj yo.

Anseyan patisipan sa yo ki te soti nan Pòtoprens ak nan 4 kwen depatman Nòdwès la, pat kache satisfaksyon yo, pwomèt, daprè sa yo deklare: yo pawl fè say o konnen pou yo arive akonpanye timoun lekòl yo jiskobou, paske se yo ki maten lavi peyi a. Sepandan, yo rekonèt egalman ke dirijan lakay pa enterese nan valorize ansenyan kap delivwe moso pen lenstriksyon.

Saint Jean Wiskis

Comments are closed.