Ayiti voye yon lòt jilbrèt ankò kont peyi Venezwela

277

12\08\20

Wachennton______(TRiboLAND) Avèk yon atitud engrà ou san rekonsan gouvènman Ayisyen an voye yon lòt jilbrèt ankò kont peyi Venezwela nan sinye avèk plizyè makrèl ki konstitye “Group Lima” kont eleksyon lejislatif yo ki te òganize yè dimanch lan sou tèritwa Simon Bolivar a.

Sinyati plizyè peyi ki fòme blòk sa ki gen ladan’l Repiblik Dominikèn, Brezil, Kanada, Chili, Kolonbi, Kostarika, Ekwatè, El Salvadò, Etazini, Gwatemala, Onduras, Panama, Giyàn, Paragwe, Perou, Sen Lusi ak Ayiti ki pi pòv pami yo, asèpte sinye yon deklarasyon makrèl ki kritike e voye jete rezilta eleksyon lejislatif 6 desanm 2020 yo nan peyi Venezwela.

Peyi sa yo, atravè Organisation des États Américains (OEA), kalifye eleksyon sa yo bidon ki chaje ak trik mètdam e ilegalite.  Yo envite kominote entènasyonal la pou yo pa rekonèt validite eleksyon sa yo ki pa kredib e ki pa menm respekte yon seri nòm demokratik, san transparans, san garanti minimòm ak san obsèvasyon entènasyonal.

Nap raple tout peyi sa yo ap swiv peyi etazini ki te toujou pa rekonèt gouvènman Nicolas Maduro a. Anpil konpatriyòt mande peyi Venezwela eskiz pou konpòtman iresponsab ak engra gouvènman Moise Jouthe la ki pa konpran ki sa sa vle di Ayiti-Venezwela.

Selon Reuters, Maduro deklare ke li espere etabli dyalòg avèk nouvo administrasyon prezidan Joe Biden nan.

Venezwela ak Etazini te koupe relasyon diplomatic yo ane dènyè aprè ke administrasyon Trump lan ansanm ak yon douzèn lòt peyi makrèl te chwazi rekonèt lidè opozisyon an Juan Guaido kòm vrè lidè sou tèt Maduro kit e yon prezidan elu.

Comments are closed.