Selebrasyon jounen mondyal pou lite kont maladi Kansè.

1,019

OMS nan tèt kole ak CIRC, pwomèt yap batay pou mete plis mwayen pou goumen kont maladi Kansè a.

02-04-23

Pòdpè, Ayiti_(TRiboLAND) Chak ane 4 fevriye pou jounen mondyal kont maladi Kansè a, Òganizasyon Mondyal Sante ak Sant Entènasyonal Rechèch sou Kansè,ki jwenn sipò Inyon Entènasyonal kont Kansè a ap batay yon mannyè pou afebli oubyen diminye mache prese maladi sila.

Kansè a, se yon tèm yo itilize pou plizyè maladi ki kapab touche nenpòt ògàn nan kò a.Yon moun ki fè Kansè kapab pwoteje tèt li, lè lap evite konsome tabak ak divès lòt pwodui chimik; sepandan pou moun ke maladi a deja atake, yo kapab geri,lè yo konsilte, swa yon chirijyen, yon radyoterapet ak chimoterapi.

Pou yo menm, Kansè a se maladi ki voye yon bon valè kretyen vivan pran devan, swa apeprè 8.2 milyon moun atravè planèt la.

Comments are closed.