Fanmiy Manigat nan kalamite: Emile Manigat Junior kidnape

301

11\27\20

Pòtoprens____(TriboLAND) Group gang sangwen ki jwen benediksyon pouvwa Jovenel Moise la, e ki pa sispann kidnape moun anndan peyi a depi plizyè mwa, frape ankò jounen jodi a.

Fwa sa, se nan fanmiy profesè Emile Manigat ki trouve li nan yon sitiyasyon alamant sou anlèvman pitit gason li, Emile Manigat Junior kidnape depi mèkredi swa 25 novanm lakay li nan Riyèl Waag nan Pòtoprens.

Viktim nan ki te soti nan biwo li e antre lakay li te kite pòt machin li ouvè; distans pou retounen sòti pou ale fèmen pòt yo, 2 bandi ame ki pa idantifyàb te deja chita nan veyikil la ap tann li. Bandi sangwen yo te egzije’l pran volan an e kondwi anba presyon kote ke yo te vle’l ale.

Kèk sous ta fè konpran ke kidnapè yo jiska prezan poko etabli kontak ak fanmiy Manigat ki pran kaban nan mitan kalamite sa kap ravaje nasyon ayisyèn nan ki pa ekate patisipasyon Leta ayisyen nan “zak mal pou wont” sa yo ki egzije yon pakèt moun deja kite peyi Dayiti.

Comments are closed.