Gouvènman Ayisyen entèdi tout manm li yo fè yon seri depans initil pou fèt fen ane a

243

11\27\20

Pòtoprens____(TRiboLAND) Nan yon sikilè ki date 25 novanm ke li adrese a divès sèktè nan administrasyon piblik la, Premye Minis Joseph Jouthe entèdi tout fòm kòmand kado pou fèt fen ane 2020 an; espesyàlman kòbèy Papa Nwèl, kat Papa Nwèl, aktivite zetrèn e òganizasyon ou anbyans fèt gagotaj ak sirotaj sou do administrasyon ke l’ap dirije a.

Konsa, nòt PM Jouthe la vle fè referans ak arete 29 mas 2017 la ki gen pou wè avèk lavi opilans ak paradizyak Leta a yon fason pou desann fe depans piblik yo nan avantaj bwàt sekrè peyi a. Tout sa yo ki fè pati administrasyon publik la dwe konnen ke depans pou fèt fen ane kaba, daprè PM Jouthe ki egzije Ministè ekonomi ak finans pou fè tout sa ki nesesè pou aplike yon parèy dispozitif.

Comments are closed.