Kidnapping: yon lòt rele amwey pou muzisyen Phillipe Augustin ke yo anlve

236

11\27\20

Pòtoprens_____(TRiboLAND) Yon lòt pote sekou 2 men nan tèt ankò nan Pòtoprens. Fanmiy ansyen direktè rejis elektoral la ki alafwa muzisyen respektab anndan peyi a, Phillipe Augustin arive kidnape jedi swa 26 novanm 2020 ant riyèl Waag ak Ri Kapwa.

Selon enfòmasyon yo, fanmiy viktim nan pa konnen ki sen pou yo rele. Yo enplore bandi ame ki pa idantifyàb ki poze zak la, pou yo libere san pèdi tan Phillipe.

Nap raple se prèske chak jou Bondye mete aksyon kriminèl bandi sangwen pa sispann mete ajenou moun ki di yo se otorite anndan peyi a. Nan yon entèval 2 jou, genyen 2 zak kidnapping ki arive poze nan Riyèl Waag nan Pòtoprens.

Comments are closed.