3 ajan sekirite pwezidan timiyèt sena a kidnape

0 3,128

01/09/2022

Pòtopwens_____(TRiboLAND) Dapwè “Radio Tele Toupatou” nan depatman Sidès peyi a, 3 ajan sekirite rapwoche pwezidan timiyèt sena repiblik la, Senatè Joseph Lambert kidnape nan sware samdi 8 janvye 2022 nan kapital la.

Enfòmasyon yo rapòte ke yon parèy zak pase nan riyèl Rivyè, nan Pòtopwens, kote ke yon gwoup nèg ame ki pa idantifyàb arive twonpe vijilans ajan sekirite yo, metrize yo e ale avèk yo nan machin yo.

Jiska pwezan oken enfòmasyon pa releye sou kondisyon otaj yo ak egzijans kidnapè yo. Sepandan, senatè timiyèt sena repiblik la, Joseph Lambert ki nan moman zak kidnapping nan tap te nan yon reyinyon avèk Pierre Espérance (RNDDH); yon zak ke li kalifye “entimidasyon”, dapwè chèf Gran Kò a ki tap depoze bay lapwès.

Li enpòtan pou raple, yon parèy zak rive poze nan moman anpil genyen anpil kontwovès sou fen manda ti miyèt sena repiblik la ki, pou anpil moun ta supoze bout demen lendi 10 janvye 2022 a.

Leave A Reply